Division of Medical Assistance and Health Services

Division of Medical Assistance and Health Services

Chanjman federal konsènan kondisyon pou moun ki pa sitwayen nan pwogram NJ FamilyCare/Medicaid

Pou gade paj entènèt sa a nan lang ou prefere a, tanpri chwazi youn nan opsyon ki anba yo.

 

 

Nouvo règleman federal Prezidan Trump te siyen kòm lwa yo ap chanje moun ki kalifye pou NJ FamilyCare/Medicaid daprè estati imigrasyon yo. Gen kèk moun ki pa sitwayen ki p ap kalifye pou asirans ankò aprè 30 septanm 2026.

Pifò imigran ki pa sitwayen Etazini ki gen asirans NJ FamilyCare/Medicaid p ap afekte, tankou timoun ki poko gen 19 lane, moun ki legalman rete nan peyi a ki poko gen 21 lane, fanm ansent, ak anpil moun ki gen kat vèt. Pou plis enfòmasyon sou ki imigran ki pa sitwayen ki ka pa kalifye ankò pou NJ FamilyCare/Medicaid, li seksyon "See which groups are impacted - Gade ki gwoup ki afekte yo".

Gade ki gwoup ki afekte yo

  • Lawful Permanent Resident (moun ki gen rezidans pèmanan legal) (moun ki gen kat vèt) depi omwen 5 lane, apati dat yo te bay moun nan estati imigrasyon kalifye a 
  • Moun ki pa sitwayen Etazini ki nan youn nan gwoup sa yo epi ki vin Lawful Permanent Resident, kèlkeswa dat yo te jwenn estati sa a 

              o    Refijye

              o    Moun ki jwenn azil

              o    Moun ki viktim trafik moun, ak mari oswa madanm yo, pitit yo, frè ak sè yo, oswa paran yo 

              o    Veteran/manm sèvis aktif k ap viv legalman nan peyi a ak kèk manm fanmi yo 

              o    Imigran Etazini-Azyatik 

              o    Irakyen ak Afgan ki gen Special Immigrant Visas, SIV (Viza Espesyal Imigran) oswa ki antre sou otorizasyon

                    tanporè SI/SQ 

              o    Sitwayen Afgan ki te resevwa otorizasyon tanporè ant 31 jiyè 2021 ak 30 septanm 2023 

              o    Moun yo te pèmèt antre nan peyi Etazini tanporèman nan pwogram imanitè ant 24 fevriye 2022 ak 30

                    septanm 2024, nan Ukrainian Humanitarian Parole, UHP (Pwogram Imanitè pou Ikrenyen)   

              o    Moun yo kanpe depòtasyon yo 

  • Kiben/Ayisyen ki antre 

  • Migran ki sòti nan Compacts of Free Association, COFA (peyi ki gen akò asosyasyon lib), ki gen

  • ladan Mikwonezi, Zile Marshall ak Palau 

  • Moun ansent ki gen papye legal  

  • Moun ki pa sitwayen ki gen papye legal epi ki gen mwens pase 21 lane 

  • Timoun ki poko gen 19 lane, kèlkeswa estati imigrasyon yo 

Moun ki pa sitwayen Etazini ki ka PA kontinye kalifye gen ladan:

  • Moun ki pa sitwayen ki nan gwoup sa yo ki poko vin Lawful Permanent Resident 

              o    Viktim vyolans domestik, k ap aplike anba Violence Against Women Act, VAWA (Lwa sou vyolans kont fanm)

                    nan Etazini 

              o    Moun ki gen otorizasyon tanporè (moun ki gen otorizasyon tanporè pou antre nan peyi Etazini pou omwen  

                     yon lane) 

              o    Refijye 

              o    Moun ki jwenn azil 

              o    Moun ki viktim trafik moun, ak mari oswa madanm yo, pitit yo, frè ak sè yo, oswa paran yo 

              o    Veteran/manm sèvis aktif k ap viv legalman nan peyi a ak kèk manm fanmi yo 

              o    Sitwayen Afgan ki te resevwa otorizasyon tanporè ant 31 jiyè 2021 ak 30 septanm 2023 

Ak kisa pou w atann ou

Si NJ FamilyCare pa kapab konfime kouvèti w lan ap kontinye aprè 30 septanm 2026, w ap gen yon chans pou pwouve estati imigrasyon w lan. NJ FamilyCare ap travay ak HMS, yon konpayi ki baze nan Texas, pou pwosesis sa a. W ap resevwa yon lèt nan mwa jiyè ki gen enstriksyon sou sa pou w fè aprè. Pa inyore lèt sa a epi suiv tout etap yo. Ou ka toujou kalifye.

Gade lèt yo nan lang ou prefere a

Ou ka wè oswa telechaje yon kopi lèt ou yo nan lang ou prefere a. Jwenn non lèt la nan kwen anwo agoch nan premye paj la. Jwenn seksyon ki gen menm non an anba a. Klike sou lyen an pou jwenn lang ou prefere a.

Premye lèt yo voye pou yon moun ki pa sitwayen

English
Arabic/العربية
Chinese (Simplified)/中文(简体)
Chinese (Traditional)/中文(繁體)
Gujarati/ગુજરાતી
Haitian Creole/Kreyòl Ayisyen
Korean/한국어
Portuguese/Português
Russian/Русский
Spanish/Español

Si ou pa t resevwa yon lèt epi ou panse ou te dwe resevwa youn, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711).

Aprann kijan pou soumèt dokiman ou yo

Gen twa fason diferan ou ka soumèt dokiman ou yo bay HMS. Ou ka soumèt yo sou entènèt, atravè faks, oswa atravè lapòs. Ou ka jwenn etap sou kijan pou soumèt dokiman ou yo nan premye lèt yo voye pou moun ki pa sitwayen epi jan yo mansyone anba a.

·         Sou entènèt (opsyon prefere): Soumèt dokiman ou yo sou sit sekirize HMS la: www.VerifyOS.com. Ou dwe antre nimewo referans ou ak dat nesans ou pou konekte sou pòtay la. Ou ka jwenn nimewo referans ou an nan kwen anwo adwat lèt yo voye ba ou a.

·         Atravè faks bay HMS: Voye dokiman atravè faks dirèkteman bay HMS nan
+1 877-223-8478

·         Atravè lapòs bay HMS: Adrès pou voye kopi dokiman ou yo atravè lapòs se PO Box 165308, Irving, TX 75016-9923. Tanpri prevwa 3-5 jou ouvrab pou yo resevwa li.

Fason ki pi rapid pou verifye estati w se soumèt dokiman w yo sou entènèt atravè sit entènèt sekirize HMS la. Si ou soumèt dokiman ou yo atravè lapòs, tanpri soumèt yon kopi dokiman ou yo epi kenbe orijinal yo. Pou verifye estati dokiman ou soumèt yo, ale nan seksyon "How to check your status - Kijan pou verifye estati w".

Si ou pa ka jwenn lèt ou a ak nimewo referans ou an, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711).

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou dokiman ki pwouve estati imigrasyon ou, seksyon "Immigration Document Guide - Gid Dokiman Imigrasyon" ki bay lis dokiman pou soumèt pou chak kategori imigran kalifye. Ou dwe soumèt omwen yon dokiman ki nan lis pou kategori imigran kalifye ou ladan l nan. Ou pa bezwen soumèt dokiman pou kategori imigran kalifye ou pa ladan yo.

Gid Dokiman Imigrasyon

Kijan pou verifye estati ou

Lè ou fin soumèt dokiman ou yo, ou ka verifye estati dokiman ou soumèt yo sou entènèt. Pou sa, w ap konekte sou pòtay www.VerifyOS.com . Tanpri prevwa 3-5 jou ouvrab pou yo mete ajou estati dokiman ou soumèt sou www.VerifyOS.com

Ou dwe antre nimewo referans ki nan lèt ou a ansanm ak dat nesans ou pou konekte. 
Ou pa konnen nimewo referans ou an? Jwenn nimewo referans ou an anlè adwat lèt yo voye ba ou a oswa rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711). 

Have questions on this process or need help?

Rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711) si ou gen kesyon sou estati dokiman ou soumèt yo oswa si ou panse ou te dwe resevwa yon lèt.

Si ou bezwen èd pou konprann si ou kalifye oswa si ou bezwen asistans pou dokimante estati imigrasyon ou, Legal Services of New Jersey, LSNJ (Òganizasyon ki bay sèvis jiridik nan New Jersey) ka ede ou. Rele LSNJ HealthLine ((Liy telefòn pou sante LSNJ) nan 833-576-5776 pou w jwenn enfòmasyon ak konsèy jiridik. Epitou, ou kapab aplike pou èd sou entènèt sou www.lsnjlawhotline.org.

Ou gen plis kesyon? Tanpri gade seksyon kesyon yo poze souvan anba a

  1. Si asirans ou an danje, NJ FamilyCare ap voye yon lèt ba ou atravè lapòs nan mwa jiyè a. Lèt la ap di asirans ou an ka fini nan dat 30 septanm 2026 akoz chanjman nan egzijans imigrasyon federal yo an rapò ak ki moun ki kalifye pou asirans Medicaid.

    Si ou kwè ou gen yon estati imigrasyon ki ta dwe toujou kalifye pou asirans Medicaid aprè 30 septanm 2026, ou gen chans pou voye dokiman pou pwouve estati ou a.
    Lèt la ap eksplike kijan pou soumèt dokiman ou yo bay HMS, founisè k ap ede NJ FamilyCare ak pwosesis sa a.

    NJ FamilyCare ap revize dokiman ou yo. Aprè yo fini ak revizyon sa a, NJ FamilyCare ap voye yon lòt lèt ba ou pou fè w konnen si w ap kapab kenbe asisrans NJ FamilyCare/Medicaid ou a oubyen si l ap fini nan dat 30 septanm 2026. Si ou pa t resevwa yon lèt, men ou panse ou te dwe resevwa youn, rele liy dirèk HMS la nan nimewo sa a. +1 833-635-7060 (TTY: 711) pou wè si yo te voye yon lèt ba ou atravè lapòs.

Si ou kwè ou te dwe resevwa yon Premye Lèt pou moun ki pa sitwayen, rele liy dirèk HMS la nan nimewo sa a.+1 833-635-7060 (TTY: 711). Si yo te voye yon lèt ba ou, men ou pa t resevwa li, ou ka mande pou yo voye yon lòt lèt atravè lapòs pou ou. Epitou, ou kapab wè yon kopi dijital lèt la nan seksyon "View letters in your preferred language - Gade lèt yo nan lang ou prefere a".

1.      Reponn lèt la: Si ou kwè ou toujou kalifye, ranpli fòmilè a epi suiv enstriksyon yo pou soumèt fòmilè a            ak kopi dokiman imigrasyon ou yo bay HMS.

2.      Revizyon Eta a: Lè yo resevwa dokiman ou yo, NJ FamilyCare ap revize yo pou wè si ou toujou kalifye.

3.      Desizyon:

              ·         Si yo wè ou kalifye, w ap kapab kenbe asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou a.

              ·         Si ou pa reponn, oswa si ou pa kalifye, asirans ou an ap fini nan dat 30 septanm 2026.

              ·         Si ou soumèt dokiman yo, ou ta dwe resevwa youn nan lèt sa yo: Lèt ki konfime yon moun ki                           pa sitwayen kalifye, Lèt ki konfime yon moun ki pa sitwayen pa kalifye, oswa Lèt ki fè konnen                           dosye yon moun ki pa sitwayen pa konplè Si ou pa jwenn repons, ou dwe rele liy dirèk HMS la                         nan
+1 833-635-7060 (TTY: 711).

NJ FamilyCare ap voye lèt sa a bay tout manm ki gen dosye Medicaid ki pa montre klèman yo kalifye anba nouvo règleman yo. Si ou te resevwa yon lèt, NJ FamilyCare pa t kapab verifye si ou se yon sitwayen Etazini. Lè w resevwa lèt sa a, sa pa vle di ou pa sitwayen Etazini ankò oswa estati sitwayènte ou chanje.

Tanpri soumèt dokiman sitwayènte ou yo pi vit posib pou NJ FamilyCare ka konfime ou toujou kalifye pou asirans lan. Suiv menm etap pou soumèt dokiman yo ki nan Premye Lèt pou moun ki pa sitwayen. Ou ka jwenn egzanp dokiman sitwayènte nan seksyon "Immigration Document Guide" an.

Se sèlman NJ FamilyCare ki ka verifye dokiman ou soumèt yo epi detèmine si ou kalifye pou asirans lan. Pa gen okenn lòt òganizasyon ki ka di w si w kalifye pou asirans lan, menm si yo ka ede w deside ki dokiman pou w soumèt. Lè ou suiv enstriksyon ki nan lèt la epi ou soumèt kopi fòmilè a ak dokiman yo bay HMS, NJ FamilyCare ap revize dokiman ou yo epi voye yon dènye lèt ba ou pou fè w konnen si asisran ou an ap kontinye oswa si l ap fini aprè 30 septanm 2026.

Si ou soumèt dokiman yo, ou ta dwe resevwa yon lèt kòm repons. Si ou pa jwenn repons, ou dwe rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711).

Non. Si mari oswa madanm ou oswa pitit ou a pa resevwa yon Premye Lèt pou moun ki pa sitwayen Etazini, epi li se yon sitwayen Etazini oswa li gen yon estati imigrasyon ki kalifye anba nouvo règleman yo, chanjman sa yo p ap aplikab pou yo epi yo pa oblije soumèt okenn dokiman. Y ap kenbe asirans yo toutotan yo satisfè lòt kondisyon yo, tankou revni yo.

Kèlkeswa sitwayènte oswa estati imigrasyon mari oswa madanm ou oswa pitit ou, si yo te resevwa yon Premye Lèt pou moun ki pa sitwayen, yo dwe soumèt dokiman yo.

Yo evalye chak moun nan yon kay endividyèlman. Si yon moun nan kay la pèdi asirans lan, sa pa vle di tout lòt moun ap pèdi l tou.

Si ou resevwa yon lèt epi ou panse li pa kòrèk, suiv etap ki anba yo pi vit posib:

1.      Ranpli fòmilè a: Si ou kwè ou toujou kalifye, ranpli fòmilè ki vini ak lèt la.

2.      Rasanble dokiman imigrasyon oswa dokiman sitwayènte ou yo: Fè kopi dokiman ki pwouve estati imigrasyon w.

3.      Voye repons ou an: Suiv enstriksyon ki nan lèt ou te resevwa a. Soumèt fòmilè a ak kopi dokiman ou yo anvan dat limit la. Pi bon fason pou voye dokiman ou yo se atravè pòtaywww.VerifyOS.com. Si ou gen nenpòt kesyon sou kijan pou voye enfòmasyon ou yo, rele liy dirèk HMS la nan nimewo sa a. +1 833-635-7060 (TTY: 711).

 

Si NJ FamilyCare ka konfime ou gen yon estati imigrasyon ki toujou kalifye aprè 30 septanm 2026, w ap kapab kenbe asirans ou an.

Gade seksyon "Immigration Document Guide" an pou jwenn lis dokiman akseptab pou voye pou chak kategori imigran kalifye.

Pa ret tann! Voye dokiman ou yo tousuit pou NJ FamilyCare ka verifye si ou toujou kalifye pou asirans lan.

  1. Gen plizyè fason pou w pote dokiman w yo bay NJ FamilyCare:

    ·         Sou entènèt (opsyon prefere): Soumèt yo sou sit sekirize HMS la: www.VerifyOS.com. Ou dwe               antre nimewo referans ou ak dat nesans ou pou konekte sou pòtay la. Ou ka jwenn nimewo                   referans ou an nan kwen anwo adwat lèt yo voye ba ou a.

    ·         Atravè faks bay HMS: Voye dokiman atravè faks dirèkteman bay HMS nan +1 877-223-8478

    ·         Atravè lapòs bay HMS: Adrès pou voye kopi dokiman ou yo atravè lapòs se PO Box 165308,                 Irving, TX 75016-9923. Tanpri prevwa 3-5 jou ouvrab pou yo resevwa li.

     

    Si ou gen nenpòt kesyon sou fason pou soumèt dokiman yo, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711).

HMS ba ou nimewo referans ou a pou kapab suiv dokiman ou soumèt yo. W ap bezwen nimewo referans lan pou konekte sou www.VerifyOS.com pou soumèt dokiman ou yo oswa pou verifye estati dokiman ou soumèt yo.

Nimewo referans ou an nan kwen anwo adwat nan lèt ou te resevwa atravè lapòs la.

Si ou pèdi oswa ou pa ka jwenn nimewo referans ou a, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711). HMS ka ede w jwenn nimewo w la oswa voye yon nouvo kopi lèt ou a ba ou.

NJ FamilyCare ap voye yon lèt rezilta ba ou atravè lapòs lè yo fin revize dokiman ou yo epi yo fin pran yon desizyon. NJ FamilyCare pa ka ba ou yon delè egzat sou kilè ou ta dwe espere jwenn yon repons, men tanpri bay NJ FamilyCare omwen 30 jou pou trete enfòmasyon ou yo. Si ou pa tande NJ FamilyCare, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711). Pou verifye oswa wè estati dokiman ou soumèt yo, vizite pòtay HMS la nan www.VerifyOS.com.

Ou pa bezwen fè anyen si ou konnen estati imigrasyon ou pa kalifye pou asirans NJ FamilyCare/Medicaid ankò. Asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou a ap fini nan dat 30 septanm 2026.

W ap bezwen jwenn yon lòt konpayi asirans sante pou evite ou vin pa gen asirans ankò. Gade seksyon "Where can I get other health care coverage? - Ki kote m ka jwenn lòt asirans swen sante?" nan FAQ sa a pou plis enfòmasyon.

Annatandan, kontinye itilize asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou a pou vizit doktè, preskripsyon ak lòt sèvis sante. Avantaj ou yo ap rete aktif nèt jiska 30 septanm 2026.

Pa inyore lèt la. Si ou pa reponn lèt la, asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou a ap fini nan dat 30 septanm 2026. W ap bezwen jwenn yon nouvo asirans sante.

Si ou te resevwa yon lèt, sa vle di NJ FamilyCare panse chanjman sa yo ka afekte w. Si ou panse ou ta dwe toujou kalifye, voye dokiman ou yo pi vit posib se pi bon fason pou ede kenbe asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou aktif.

Si NJ FamilyCare te voye yon Premye Lèt pou moun ki pa sitwayen atravè lapòs ba ou epi ou pa resevwa yon Lèt elijib pou moun ki pa sitwayen ki konfime ou toujou kalifye, dènye jou asirans NJ FamilyCare/Medicaid ou a se 30 septanm 2026. Si ou vle verifye si yo te voye yon lèt ba ou atravè lapòs, rele liy dirèk HMS la nan
+1 833-635-7060 (TTY: 711) pou mande si NJ FamilyCare te voye yon lèt ba ou. Si yo te voye yon lèt ba ou, men ou pa gen yon kopi, ou ka mande pou yo voye yon lòt atravè lapòs pou ou. Ou kapab wè yon kopi dijital lèt sa a tou nan seksyon "View letters in your preferred language".

 

Tanpri kontinye itilize avantaj NJ FamilyCare/Medicaid ou yo pou vizit doktè ak preskripsyon jiska dat sa a. Avantaj ou yo ap rete aktif nèt jiska 30 septanm 2026.

Apati 1ye oktòb 2026, ou ka kalifye pou yon asirans swen sante kalite siperyè atravè Get Covered Mew Jersey (Jwenn asirans nan New Jersey), Mache Asirans Sante Ofisyèl Eta a. Ou dwe ranpli enskripsyon ou nanGet Covered New Jersey nan espas 60 jou aprè asirans NJ FamilyCare ou an fini nan dat 30 septanm 2026 pou evite yon entèripsyon nan asirans ou an. Jwenn plis enfòmasyon sou opsyon asirans yo sou GetCovered.NJ.gov.

Anplis, plizyè pwogram ka ede rezidan New Jersey yo peye pou sèvis ijans ak sèvis lopital. Medical Emergency Payment Program, MEPP (Pwogram pèman pou ijans medikal) kouvri sèvis ijans yo, tankou akouchman, pou rezidan New Jersey ki gen 19 lane oswa plis ki pa kalifye pou NJ FamilyCare paske yo pa satisfè kondisyon sitwayènte oswa kondisyon imigrasyon Etazini yo. Ale sou www.nj.gov/humanservices/dmahs/individuals-families/familycare/mepp/ pou jwenn plis enfòmasyon sou MEPP.

HMS se yon founisè, ki baze nan Texas, NJ FamilyCare te asosye ak li pou ede nan efò sa a. HMS ap jere pwosesis pou ranmase dokiman yo, voye lèt yo, epi reponn kesyon moun ki resevwa lèt sa yo. Si ou gen nenpòt kesyon sou si yo te voye yon lèt ba ou oswa kijan pou soumèt dokiman yo, rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711).

Gen plizyè kote ou ka jwenn èd:

·         HMS: Ou ka rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711) pou jwenn èd ak kesyon sou lèt ou a, kijan pou soumèt dokiman ou yo, oswa kesyon jeneral sou pwosesis sa a

·         Legal Services of New Jersey (LSNJ): Si ou bezwen èd pou konprann si ou kalifye oswa si ou bezwen asistans pou dokimante estati w lan, Legal Services of New Jersey ka ede w. Rele LSNJ HealthLine nan +1 833-576-5776 (TTY: 711) pou jwenn enfòmasyon ak konsèy jiridik. Epitou, ou kapab aplike pou èd anliy sou www.lsnjlawhotline.org.

·         Health Benefits Coordinator Call Center: Ou ka rele Health Benefits Coordinator Call Center nan +1 800-701-0710 (TTY: 711) si ou gen kesyon sou avantaj sante ou yo

Ou ka jwenn èd nan lang ou pi alèz la. Pou sipò an dirèk, ou ka rele liy dirèk HMS la nan +1 833-635-7060 (TTY: 711) epi mande pou yo ba ou yon entèprèt. Yo ka fè aranjman pou yon entèprèt patisipe nan apèl la san ou pa peye.

Pou wè yon kopi lèt ou a ki tradui, tanpri ale nan seksyon "View letters in your preferred language". Lèt ou a ba ou plis enfòmasyon sou kijan pou jwenn aksè ak sèvis tradiksyon.

Si ou bezwen èd pou konprann si ou kalifye oswa si ou bezwen asistans pou dokimante estati w lan, Legal Services of New Jersey ka ede w. Rele LSNJ HealthLine nan +1 833-576-5776 (TTY: 711) pou jwenn enfòmasyon ak konsèy jiridik. Yo ka fè aranjman pou yon entèprèt patisipe nan apèl la san ou pa peye. Epitou, ou kapab aplike pou èd sou entènèt sou www.lsnjlawhotline.org.