Tanpri tcheke paj sa a souvan pou dènye nouvèl ak kijan ou ka prepare w’.
Gouvènman federal la chanje règleman yo konsènan kimoun ki kalifye pou NJ FamilyCare apati Otòn 2026. Chanjman règ sa yo fè pati "Yon Gwo Bèl Pwojè Lwa (One Big Beautiful Bill Act)" ke Prezidan Trump te siyen nan mwa Jiyè 2025. Nouvo règ sa yo pa aplike pou tout moun. Enfòmasyon sa yo eksplike ki manm ki ka afekte e kijan yo ka prepare yo.
Ki règ k’ap chanje & kilè?
Apati 1ye Oktòb 2026:
- Gen kèk imigran ki pa sitwayen ki ka pa kalifye pou NJ FamilyCare ankò.
Apati 1ye Janvye 2027:
- Kèk adilt ki gen laj 19 a 64 lane ap oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl pou yo kenbe asirans yo oswa kalifye pou NJ FamilyCare. Sa rele "angajman kominotè.” Manm sa yo dwe renouvle pwoteksyon yo chak 6 mwa tou (olye de chak 12 mwa).
- Gen lòt adilt ki gen laj 19 a 64 an ki ka egzante de obligasyon pou travay, fè volontarya, oswa al lekòl, men yo ka toujou oblije renouvle pwoteksyon yo chak 6 mwa.
NJ FamilyCare ap kontakte w’ nan otòn 2026 avèk plis enfòmasyon si chanjman sa yo aplike pou ou. Nouvo règ yo ka afekte pwoteksyon ou apati dat ki endike anba a.
1 Oktòb 2026
Gen kèk imigran ki pa sitwayen ki ka pa kalifye pou NJ FamilyCare/Medicaid ankò.
| Moun ki pa sitwayen ameriken ki ka kontinye kalifye yo gen ladan: | Moun ki pa sitwayen ameriken ki gen dwa PA ka kontinye kalifye gen ladan: |
|---|---|
|
Si ou nan youn nan gwoup sa yo epi ou te ajiste estati Rezidan Pèmanan Legal la, ou ka toujou kalifye – tanpri gade plis detay anba a. |
| Moun ki pa sitwayen ameriken ki ka kontinye kalifye yo gen ladan: | Moun ki pa sitwayen ameriken ki gen dwa PA ka kontinye kalifye gen ladan: |
|---|---|
|
|
1 Janvye 2027
Gen kèk adilt ki pral oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl pou yo kenbe asirans yo oswa kalifye pou NJ FamilyCare/Medicaid. Manm sa yo dwe renouvle pwoteksyon yo chak 6 mwa tou (olye de chak 12 mwa).
Anpil manm ka pa oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl, men yo ka toujou oblije renouvle pwoteksyon yo chak 6 mwa.
Apati 2027, NJ FamilyCare ap verifye egzijans sa yo lè w’ap aplike oswa renouvle pwoteksyon w’ lan.
Èske mwen oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl?
| Ou ka oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl si nenpòt nan sitiyasyon sa yo dekri ou: | Ou ka PA oblije travay, fè volontarya, oswa al lekòl si nenpòt nan sitiyasyon sa yo dekri ou: |
|---|---|
Gade anba a pou wè kijan pou verifye kalite plan ou an. Kisa sa vle di: Si sa dekri ou, ou ka bezwen travay, fè volontarya, oswa al lekòl pou kalifye pou asirans lan. NJ FamilyCare ka mande w’ pou ou bay dokiman ki montre prèv travay, travay volontè, oswa enskripsyon nan lekòl. |
Kisa sa vle di: Si sa dekri ou, ou ka pa bezwen travay, fè volontarya, oswa al lekòl pou kalifye pou asirans lan NJ FamilyCare ka mande w’ pou ou bay dokiman ki pwouve sitiyasyon w’ lan. |
Èske mwen oblije renouvle asirans mwen chak 6 mwa?
| Ou ka oblije renouvle asirans ou chak 6 mwa si nenpòt nan sitiyasyon sa yo dekri ou: | Ou ka PA oblije renouvle asirans ou chak 6 mwa si nenpòt nan sitiyasyon sa yo dekri ou: |
|---|---|
Gade anba a pou wè kijan pou verifye kalite plan ou an. |
|
Tanpri tcheke paj sa a souvan pou jwenn dènye nouvèl sou chanjman federal yo.
Ki kote mwen ka verifye / jwenn kalite plan mwen an?
- Rele nimewo sèvis manm ki sou do kat idantifikasyon plan sante aktyèl ou a.
- Tcheke devan kat idantifikasyon plan sante w’ la – gade enstriksyon ki anba yo:
- Si ou enskri nan Aetna, ou p’ap kapab itilize metòd sa a. Tanpri rele nimewo sèvis manm ki sou kat idantifikasyon plan sante ou la.
- Si ou enskri nan Fidelis Care, UnitedHealthcare, Horizon, oubyen Wellpoint, tanpri gade egzanp kat idantifikasyon Plan Benefis Altènatif (ABP) ki anba yo. Si li di ABP oubyen Plan Benefis Altènatif sou kat ou a, jan yo montre nan kare wouj yo nan egzanp yo, ou enskri nan plan ABP a.
Fidelis Care
Horizon
United Healthcare
Wellpoint
Kijan NJ FamilyCare/Medicaid ap ede manm yo?
NJ FamilyCare ap travay pou kenbe pwoteksyon sante ak swen pou tout rezidan New Jersey ki kalifye yo. Pou jere chanjman yo epi pataje enfòmasyon avèk ou, NJ FamilyCare ap fè patenarya avèk ajans Leta yo, founisè swen sante yo, plan sante yo, defansè yo, ak lòt gwoup yo. Anplis de sa, NJ FamilyCare ap envesti nan teknoloji epi amelyore pwosesis li yo pou fè aplikasyon ak renouvèlman pi fasil e pi fyab.
Lè moman an rive pou ou renouvle, NJ FamilyCare pral revize enfòmasyon ou yo pou wè si pwoteksyon ou ka kontinye yon fason otomatik.
- Si NJ FamilyCare deja gen enfòmasyon li bezwen yo, w’ap resevwa yon lèt ki di w’ yo renouvle pwoteksyon w’ lan.
- Si NJ FamilyCare bezwen plis enfòmasyon, ou ap resevwa yon lèt demann enfòmasyon oswa yon pake renouvèlman. Tanpri reponn pi vit posib pou evite yon mank enfòmasyon.
Kijan ou ka prepare pou chanjman yo?
- Kontinye sèvi ak avantaj NJ FamilyCare ou yo epi ale nan randevou ou yo.
- Mete enfòmasyon kontak ou yo ajou pou ou pa rate mesaj enpòtan yo. Rele Sèvis Kliyan NJ FamilyCare nan 1-800-701-0710 (TTY: 711) si adrès ou oswa nimewo telefòn ou chanje.
- Siveye lèt, imèl, oswa tèks ki soti nan NJ FamilyCare oswa plan sante ou a.
- Louvri epi reponn tout imèl ki soti nan NJ FamilyCare pi vit posib.
- Aplike oswa renouvle pwoteksyon ou menm si ou panse ou ka pa kalifye ankò.
- cheke sit entènèt sa a souvan. NJ FamilyCare ap pataje plis detay lè yo vin disponib.
Paj sa a te aktyalize nan dat 17 Fevriye 2026.
Official Site of The State of New Jersey